ZAT-RAP – Temwayaj

ZAT-RAP

Temwayaj  (Vizyon pa n’)

———-———-———-———-———-

Zanmi m’ frè m’ sè m’mwen te fè yon vwayaj

Mwen vwayaje an plas , paske mwen pat al kay vwazinaj

Se dwòl poutan m te wè m’ nan yon lòt peyizaj

Mwen wè m’ nan yon  peyi saj, liv lavi nou chanje paj

Chak grenn ayisyen ka viv nan yon vilaj,

Nan bon kondisyon lijyèn ak enfrastrikti.

Se laa mwen wè m’ t’ap mennen yon veritab vi laj.

N’aprann konnen  kote n’ rete se nou k’ pou pran swen li.

Katye n’ sispann bati tankou tonm nan simityè,

Nou pa bezwen tann gwo evènman pou n’ wè limyè.

M’ wè gen mwayen anplas pou bon jan sekirite,

Dwa  tout moun respekte, youn kont lòt nou pap pèsekite

N’ap viv an tout libète , egalite, fratènite

Linyon fè lafòs nou an vin yon reyalite

Nan yon zòn nou pa vle kite

E se menm jan’an ke li ye tout kote.

——–

Nou wè sitiyasyon n’ chanje

Nou wè tout moun ka manje

Katye nou an ladan l’ fanm yo jwe tout wòl

Jèn yo aktive tout moun sou kontwòl

Nou wè ,nou wè, nou wè (bis)

——–

Mwen wè yon katye kote lekòl gratis

Pou tout moun, bibliyotèk, entènèt, an gwo: edikasyon sispann liks

La’a n’ap konn sa poun fè ak sa pou  nou pa fè

Ou wè jan sa ap mache byen malgre nou pa pafè?

Fini avèk pil kay k’ap mal bati

Nou pa pè lapli,paske nou gen kanal pou dlo pati.

Kounye a mwen wè jan la sante te enpòtan pou nou viv byen

Avèk kè kontan tout moun sansibilize san plenyen.

Gen plis lopital mwens mòg

Yon jèn bon mantal san dwòg.

Yon zòn konsa paka pa gen sekirite

Paske landan l’se panse ak panse ki lite.

Ann pa bay tèt nou manti

Nou konn trè byen paka pa gen bandi

Poutan n’ mache nenpòt lè

Pran plezi n’ san n’ pa pè.

Paske gen bon jistis

E n’ap travay pou n’ jis plis.

——–

Bò lakay mwen gen sinema

Tout moun ka viv alèz, wa dim sak pi bèl ke sa.

M’ wè yon tèt ansanm k’ap boujonnen

Yon tolerans k’ap makonnen

Nan lespri chak grenn ayisyen.

Nou fè solèy lespwa ponmen.

Nan yon katye, nan yon kominote,

Ki fè valè moun, fè valè fanm.

Kaba tout fòs kache,

Kwape fènwa fè valè flanm.

Lajenès vin aktif, nan sa ki bon l’ patisipe.

Se yon patriyòt pozitif vizyon l’pa pou l’ patikite.

N’aprann pwoteje patrimwan

Dè fwa nou menm pliye pati “moi” n’ (Ego)

Pou n’ pa wè sèlman pati pa n’

Ak tout sak pa bon, nou bay sipa n’.

———-


Awoup! katye n gen lapè

Awoup! nou viv tankou frè

Awoup! nou fete kilti

Awoup! nou fè valè nati

———-


Nou wè sitiyasyon n’ chanje

Nou wè tout moun ka manje

Katye nou an ladan l’ fanm yo jwe tout wòl

Jèn yo aktive tout moun sou kontwòl

Nou wè ,nou wè, nou wè (bis)