W.S.C – Men sa nou vle

W.S.C

Men sa nou vle

—————————————-

Men sa nou vle he he he he

Men sa n swete he he he he

Sa n ap mande he he he he

Sa n espere he he he he

——–

Gade a goch ou

Gade a dwat ou

Di n sa w wè nap di w kisa nou kwè

Bèl anvironman ak ledikasyon se wout progrè

Li lè li tan pou n krye yon mouvman

K ap fè n vin pi douvan

Pou’n ka gen bon jan devlopman

Annavan frè mwen annavan

An n pa ret chita pèdi tan

An n pote kole pou anviwonman n

——–

Men sa nou  vle

Bèl anviwonman pou n respire

Men sa n swete

Kaba vyolans pou n fonksyone

N ap mande

Respè dwa tolerans pou n demare

Sa n espere

Pou tout jèn ka gon avni bye prepare

——–

Sa fè lontan depi n ap goumen

Sa fè lontan depi nan chimen

Youn nan rèv nou vle reyalize

Gen yon bèl katye oganize

Bèl achitekti ki pap detwi lavi

Prevansyon pou fè n evite maladi

Gran moun ak konesans ava aprann sak pi piti

Prezève kilti e prepare lavni

——–

Men sa nou  vle

Bèl anviwonman poun poun respire

Men sa n swete

Kaba vyolans pou n fonksyone

N ap mande

Respè dwa tolerans pou n demare

Sa n espere

Pou tout jèn ka gon avni bye prepare

——–

Viv sosyalman byen nan yon milye urben

Gen ti detay ke yo dwe n e nou konen yo byen

Edikasyon ak lwazi sa yo nou vle yo atoupri

Bon asenisman pou limyè jayi nan tout lari

Infrastrikti se motè devlopman

Aeopò, wout e pou n louvri o mond

Ak insalibrite no koupe fache

Pou n gen plis selebrite an n gwoupe n mache

Nou fè twòp tan kanpe twòp tan soufri

An n sispan vire kon w toupi

——–

Nou vle yon katye de rève

Kote moun ap fè bèl zèv

Pou l sanble jaden deden n

Kote pap gen plas pou la hèn

Kote k gen sekirite

Pou tout timoun ka leve

Nan linyon solidarite

Kote gen la jwa la gete

——–

Men sa nou  vle

Bèl anviwonman poun respire

Men sa n swete

Kaba vyolans pou n fonksyone

N ap mande

Respè dwa tolerans pou n demare

Sa n espere

Pou tout jèn ka gon avni bye prepare