Vibz – Pwoblèm katye m

Vibz

Pwoblèm katye m

———-———-———-———-

Wi nou gen pwoblèm

Twop moun panse sèlman ak tèt yo

Nou gen yon rèv pou katye nou

Ak tèt ansanm nap rive fèl

——–

Chak jou anpil pawol ap pale, anyen pa janm regle

Ak anpil bèl pwomès ki pa janm reyalise

Fwa sa n deside pou n ka reve dan le pase

N ap sispann kritike travay pou katye n pwogrese

Paske katye m se pa m se pa m idantite m grave ladan l

Pou m fè li bèl m paka chita rete se moun map tann

Fòk nou pote kole, fòk nou patisipe, fòk nou kopere nan positivite

Rèv mwen se wè nap viv san ipokrizi pou n chanje lavi

Pou n geyen menm avi menm lè opinyon ta sanble diferan

Depi se pou katye n sonje nou nan menm kan

An nou fè inite pou nou ka pwòpte, pou n ka jwenn sante

Jan l merite pou n jwenn dlo trete, elektrisite,

Nan yon katye modèrnize sa se pa luks yo ye

———-

Wi nou gen pwoblèm

Twòp moun panse sèlman ak tèt yo

Nou gen yon rèv pou katye nou

Ak tèt ansanm nap rive fè l

Fòk nou fè yon rèl

Si n gen yon rèv pou katye nou

Ak tèt ansanm n ap rive fè l

——–

Devwa pa n se enplikasyon ak responsabilite kòm sitwayen

Nan desizyon kap pran pou zòn nou la ankò nou deside nou

pap nan plenyen, obligasyon n se travay men nan men ak tout sektè pou n avanse  sou yon lòt chimen

Si nou vle rèv nou reyalize se nou tout nan pat la men pou n mete

Nou menm nan Vibz nou vle pote patisipasyon pa nou

Pa gen gwo mwayen n ap chante ekri pwojè pou zòn nou

Pou yon nouvo van lespwa soufle, katye pa m nan

M ta renmen l vin yon modèl pou tout lòt kote. Edikasyon n pral plante

Oh wi se nan sa nou kwè. konesans na va rekolte pou n gen yon demen meyè

Ensekirite va bese, biznis va kreye, ni jèn ni vye va jwen travay pou fonksyone

Lè sa nou tout va jwen souri lavi e nou pap janm pè di jan nou fyè de li

——–

Wi nou gen pwoblèm

Twòp moun panse sèlman ak tèt yo

Nou gen yon rèv pou katye nou

Ak tèt ansanm n ap rive fè l

Fòk nou fè yon rèl

Sin gen yon rèv pou katye nou

Ak tèt ansanm nap rive fè l

——–

Menm jan chak jou n pran swen anndan kay nou

Rèv mwen se konsa pou n pwòpte katye nou

Pwoteje katye m se pwoteje lavi pa m. Bliye pa gen anyen ki bèl pase lavi

Se nou ki met tèt ansanm. Mwen, m ap bay tout anndan m, an nou pa pèdi tan

Ann komanse mentnan

N a rebwaze, na plante flè ki santi bon ak lòt katye nan lòt peyi na fè konparezon

Nan tout  sa n ap fè pou nou gen menm aksè

Deja nou se frè ak sè