V-ten – Rèv pa m

V-ten

Rèv pa m

—————————————-


Rèv pa m se wè katye m vin menm jan ak eldorado

Gon lòt konfò lè m ap mache pou m sispan janbe vye dlo

Konstwi bèl wout machin lavil toupatou

M ta renmen wè touris yo

Tout moun viv san konplèks pou

Viv kou kòkòt ak figaro

Pou gen limyè tankou Pari

Moun al nan lari men a minwi

Wè l tankou paradi poun ap rejwi

san’n pa bezwen al Miami

——–

On dit souvent que l’homme est le produit de son milieu

Men si katye m chanje moun ap jije m pou sa m ye

M reve avi nan katye gen sekirite

Pou menm andikape ka jwi lavi yo jan yo vle

Kont divizyon pou tout moun fè yon sèl konbit

A l’unison poun chante aba ipokrit

Ni nèg anwo ni nèg anba viv san disput

Konsa yon jou nan lespri tout moun va chase tout mit

——–

Rèv pa m se wè tout jèn nan katye m kabap bwase

Wè fanm kou gason sispann chita

Gade solèy kap leve

Sispann panse piti al lekol pou vin yon moun serye

Pou malere ni zotobre fè yon sèl la mizè sispan renye

——–

Mwen vle respire pi byen pou zon mwen byen pwòpte

M reve tout rakwen byen rebwaze

Konsa frè m ak sèm va sispan mouri inonde

Esperans de vi va ogmante, kolè Bondye va f’on bese,  latè va sispan replike

——–

Lè katye pa m lè katye pa w lè katye pa l gen strikti

Lè sa mwen avè w va sikile nan vil nan gou Jezi

Timoun ap sispann mache toutouni

N ap sispann wè moun fou nan tout lari

——–

Rèv pa m se wè rekonstriksyon katye m fèt an parasismik

Menm lè replik tranbleman poum ret tèt frèt san panik

Wè tout tant tounen chato

tèt dezespere met chapo

Tout moun peye enpo, legalite sosyal paske nap viv anba menm drapo