Shamma Lorrédan – Katye pa m ka pi bèl

Shamma Lorrédan

Katye pa m ka pi bèl

—————————————-

Gade kouman katye a fin kraze, fatra gaye nan tou kwen

Maladi, la mizè fin touye nou

Yo pase l anba pye, gagote l, piye l, blaze l

Men yo prale ya p kite li la

Sa la kòz tout moun yo fin divize

Menm timoun yo malelve, insekirite se sèl kok chante

Jodia nou vini fè yon chenn solidarite pou nou chanje sa

Paske bagay sa a paka rete konsa

——–

Mwen reve katye sa vin tounen yon bèl site

Epi tout moun ki ladan l vin gen menm dwa ak devwa

Pou pran defans oswa nenpòt desizyon kap ede katye a pwogrese

Mwen reve pou tout timoun ka jwen bon edikasyon pou itil sosyete ya

E tout moun ka viv san kè sote, ni kè sere

Mwen ta vle pou gen elektrisite tout kote, pou lanwit klere kou la jounen

Pou sekirite ka blayi nan tout rakwen

Le sa a, fanm ak timoun va sispann sibi zak vyolans sou katye sa

——–

Wi ! pou katye pa nou ka pi bèl, nap sispann fè vye konstriksyon anachik

N ap fè tout koridò tounen gran ri, plante pye bwa ak bèl flè

Mete poubèl nan tout ti kwen konstwi mache kibyen ayere

Fè bèl plas piblik ak bon restoran epi toujou fè konbit pou konbat salte

Lè sa a, katye a va devni yon bon modèl pou tout lòt katye ki vle bèl

E chak katye a va vin yon modèl pou tout peyi a

E peyi a va vin tòp modèl pou tout lòt peyi ki ta vle bèl

Menm jan ak katye pam, peyi pam. Ann fe rèv sa tounen reyalite

——–

Katye pam ka pi bèl, pi bèl o!

Fò n sispann fè diferans, ann bay lavi n yon lòt sans

Ann fe solidarite, brase lide, pote kole pou sa chanje