Nirva Jean – Ankadreman pou katye pa m

Nirva Jean

Ankadreman pou katye pa m

—————————————-

Yo toujou di figi w se paspò w

Menm jan ou te dwe kenbe katye w pwòp

Mwen jire pou katye mwen toujou rete bèl

Mwen s on fanm vanyan natif natal

Rasin mwen soti nan Makandal

Rèv pa m se viv san ke sote, ak

Nan bon kondisyon sosyal

Paske l se katye pa m (4 fwa)

Mwen reve gen yon katye ki s on paradi

Kote yon tambou k ap depale

Tout moun pran chante yon sèl refren

Aba egoyis linyon se sa nou bezwen

Ann met men nan men pou n kraze tout baryè

Ki anpeche n avanse

Konsa na va gen yon bon demen yon bon katye

Ankadreman sosyal se sa nou bezwen

Pou n gen yon bon demen

Ankadreman sosyal se sa n bezwen

pou n gen yon bon katye

Nan katye pam fòk gen elektrisite, lekòl, sekirite

Bon sant de sante, dlo potab

Respè youn pou lòt san eksepsyon

Tolerans youn anvè lòt pou yon lapè sosyal ka retabli