New-Dreams – Fò n devlope

New-Dreams

Fò n devlope

—————————————-

M pral rakonte n istwa lakay

Nan chak katye se te bèl bagay

Anpil moman inoubliyab

Kote tout moun tap viv san tray

Pat gen plas pou okenn vye bagay

Sa fè tout moun te vle ret lakay

N pat bezwen kite l pou al laba

Katye n se te premye devwa n

Nan Bisantnè te genyen yon jè dlo

Tout moun te renmen wè l chak premye janvye

Moun sou Chanmas maswife a bèl

Te gen stati ti jan san fil

Nou te remen wè l

Stati kochon kreyol klere a wi li te bèl

——–

mwen ta renmen katye pa m gen lopital

Pou tout moun ka jwenn la swen yay

Plante yon ma drapo nan katye pa m

Pou senbolize lapè, lespwa

M vle gen yon lekòl ki sou bòn vwa

Pou edike tout sak nan fè nwa

Ak sekirite pou pwoteje

Tout sak pral leve figi katye pa w

——–

Refren

——–

O o o an nou kriye y eee

Annou rele katye pam nan fò l devlope

O o o an nou kriyeye e

An nou rele e fòk katye pa m nan leve kanpe

——–

Mwen ta renmen katye gen sitèn dlo popilè

Yon bèl plas pou tout moun pran

Plezi yo nenpòt lè

Fòk katye m pwouve

Ke l se pitit zantray

E fò l toujou pròp

N ap wete fatra nan tout koridò

Bale, wouze, e met pousyè deyò

Konsa nap evite tout vye maladi

Fòk katye pa m genyen yon lòt vi

——–

Mwen pa bezwen viza

Pou m ale laba

Nan katye pa m

Depi gen volonte

Nou ka fè bèl bagay

Nou pap bezwen balèn

Pou n fè je klere

Nan katye pa m nan

Mwen vle wè tout jèn

ap travay pou fè bèl bagay

Fòk katye n vin yon referans

L ap sévi peyi m yon egzanp