Mackenson Exantus – Sa l ye, e sa m vle l ye

Sa l ye, e sa m vle l ye

Mackenson Exantus

—————————————-

Ma labou rigol dlo pil fatra sèvi adrès

Pandan l se teren kapital politik nèg a vès

Plen pousyè nan sezon sèch, lè lapli l se wout rivyè

Zon chak fwa gonw problem sak pwal fè pousyè plizyè

Non zonn m an tèlman lou, son w plon k mare nan pye nèg

Se la lè chef pa nan jou yo vin mare enpe nèg

La chaje korido kot enmi leta ka abrite

Majinalize, dezimanize, se la y abite

An baz se pate maten e spageti chak swa

Se a pèn siw fanm w ka jwenn diri sos pwa

Pi fasil dyob ke ovam bay se youn lot pale mal

Aksyon yo radikal yo geri le mal par le mal

Si w ouvè gro biznis ak kò w y ap ba w poud pou makiye w

La, a bri bal se mizik, san pedi tan y ap gaspiye w

Sa a se penti figi zon pam nan san mete vwal

Kot anpil talan ak konpetans oblije mete vwal

——–

Se jounen ak nwit salye e sam vle’l ye

Zòn pa m chaje plizye ti katye ki sa l vre (ye)

Mize frape pot lokatè san l pa salye

Wi se vre l sanble lanfè men se pa sa l ye

——–

Yon zòn mounn eklere avèk limyè sou chak poto

Pou l bèl e byen klere maten ou swa se bèl foto

Poubèl nan chak kafou, konbit pou fè asenisman

Pou lè sak te kite kafou tounen ka fè sezisman

Pou sispann yon trou kote pou bandi vin kache

Men pito trou kote siw vle lò pou vin chache

Kote jèn fi ka mache trankil nan nwit pou kont yo

Jèn gason pap komèt zak pou fe paran yo wont yo

Zòn plezi garanti pi gran jwenn respè pi piti

Sou figi se plis souri olye de bandi

Redwi kantite moun mouri nan mizè k pataje

Yon zòn moun solidè nan devlopman kominote

La pè tabli nan tout sektè, lokatè ak pwopriyetè

Anfen yon zon ki gen plis lopital famasi ke mog

Ak plis okipasyon pou jèn ke zam alkol ak dwog