Lord’s Power – Bolos, katye pa m, yon lot vizyon

Lord’s Power

Bolos, katye pa m, yon lot vizyon

—————————————-
Gen yon limyè espwa
K ap chase tout fè nwa
Yon limyè ki montre
Tout moun nan tout katye
Dwe met tèt yo ansanm
Pou peyi yo ka djanm
Bolos se katye pa m
Si l vin pi mal ki kam
Vyolans fè kè sote
Pou tout moun tout kote

——–
Annale pou pi lwen
Nan katye ou konnen
Di yo sispann goumen
Se moman pou n renmen

——–

Katye pam se Bolos
Li te konn nan tout sos
Se te katye tout moun
Si w vle, mande granmoun
Kounye a lot imaj
Nou jwenn pi plis chomaj
Vyolans, soufrans
Sonje lapè pote chans
Se tan pou nou konstwi
Poukisa n’ap detwi

——–

Bolos pi bon biyè
Bon asyèt, bon kiyè
Se pa tan, blakawout
Zizani pèdi wout
Bolos vin devlope
Bon chèn tout moun vlope
Bolos vin an premye
Premye nan tout katye
Yon lespwa pou toutan
Ki fè tout moun kontan