Las chicas de Dios – Bòlòs se katye pa m

Las chicas de Dios

Bòlòs se katye pa m

—————————————-

Mwen sonje tan lontan

Bòlòs te anpenpan

Kontre ak Matisan

Pat janm gen yon gout san

Kounye a se gwo zam

Ret nan pa w, m ret nan pam

Vyolans tribò babò

Ap simaye lanmò

Bouch fann fèt pou pale

Se tout moun k ap rele

Sa se yon gwo danje

Kilè sa pwal chanje

——–

Ni timoun ni granmoun

An nou vin yon lòt moun

Ann fè yon lòt modèl

Pou demen nou vin bèl

Bòlòs se pa n li ye

Fò l vin yon lòt katye

N ap fè ledikasyon

Kòm sous motivasyon

Nan travay kont chomaj

Bòlòs gen lòt imaj

Men anpil chay pal ou

Ansanm ann pare kou

———-

Demen fò n men nan men

E fò n viv nan renmen

Depi vyolans sispann

Katye n ap yon kabann

Moun ki vle pran repo

Pwal kouri fè depo

Gen komès gen biznis

Se yon katye touris

Gen plezi gen gwo bòl

Gen lajan gen lekòl

Ansanm nou fè chanjman

Nou sou wout devlopman

———–

(Chœur)

———-

Bòlòs se yon katye

Nou tout dwe abiye

Moun pa dwe pèdi nanm

Nou dwe met tèt ansanm

Lanmou chase vyolans

Lanmou chase soufrans