Klak-7- Katye pa n

Klak-7

Katye pa n

—————————————-

Katye n reve, patwò konplike

Linyon n manke, ki pou fè n avanse

Ann trakase jodi

Reposze demen

Se lwa lanati

Sa pa genyen manti

Konsidere jodia kòm le dènye

Sa k ap vin demen

Se pou yon lòt li va ye

Ann retire egoyis, move lide

Ki anpeche n avanse

——–

Si de dwèt kole, la manje kalalou

Dis dwèt kole, ka chanje hèn

An lanmoun

Anviwonman

Make kontantman

Plante pye bwa

Ki pou fleri lespwa

——–

Si le prezan se chez le fiti

Djovi yo ap grand

Fòk plan an pa mal bati

Pou batiman an pa kwochi

——–

Nou di aba la dwòg

Pou katye reve

Viv edikasyon

Pou katye reve

Tout sektè reyini

Pou katye reve

Annou fè rebwazman

Pou katye reve

Nou di aba egoyis

Pou katye reve

Annou tout reyini

Ak yon sèl deviz

Pou katye reve

——–

Mitan fwaye yo

Mande plis ti pale

Pou evite

La jenès k ap deprave

Ak gwosès prematire

Annou reve

Yon katye solidifye

San move je

Ak konsyans nou libere

Pou yon demen k’ap bouje