D.A.N – Rèv pa m pou katye pa m

D.A.N

Rèv pa m pou katye pa m

—————————————

Yo di piti fè lonè prezidan

Men fòl gen karaktè pou l jwe yon enpòtan

Se depi nan katye l pou l komanse travay

Jouk li mete peyi a sou yon bon ray

Mwen gon rèv pou katye kote m soti

——–

Pwòpte se premye pwen nan pwojè katye pa m

Nan solidarite nap fòme yon gwo zam

Pou n anpeche plis moun tonbe nan gwo traka

Nan ranmase fatra na konbat malaria

Sann pa bliye manzè maladi kolera

L enpotan nan chak kwen gon poubèl ki plase

Lè lameri pase pou dechè pa rete

——–

Yo souvan di timoun jodi, sitwayen demen

Men si yo edike yo va ale pi lwen

Yon bibliyotèk oubyen yon sant pou rechèch

Kapab ede yo menm jan ak yon pen chèch

Na kore l ak bon jan sant lwazi

Pou n chase nan lespri tou vye sousi lavi

——–

Se vre n pap viv pou manje, men fò n manje pou n viv

Pou n pa sanble ak kannòt san vwal ki ala deriv

Yon timoun mal nouri pa fouti byen aprann

M panse yon pwojè kantin kab chase vè nan vant

San n pa bliye lide pou n soti anba tant

Pou lapli, chalè kab sispann bann kout lyann

Jodi a nap mande ak tout sak gen bon fwa

Vini bannou bourad pou n reyalize rèv sa

——–

Nou konnen dlo se yon gran nesesite

Depi n piti n aprann se lavi li ye

Anndan chak kay ta dwe gon robinèt

Pou restavèk pran yon souf ak bokit sou tèt

Rev mwen se mache bò lakay san pwoblèm

Douvan jou kou lanmwit ak patnè m

——–

Nou kwè ledikasyon se baz tout devlopman

Patisipasyon chak moun ka pote yon vre chanjman

Yon bon asistans sosyal nan tout dimansyon

Ka rive anpeche tout move aksyon.