Bo-B – Men sa n bezwen

Bo-B

Men sa n bezwen

—————————————-

Nou bezwen love, nou bezwen God pou peyi n avanse

Nou bezwen lòd, nou bezwen jòb, fò n pa pran plezi n pa ranse

Deja nou konn deviz nou ki sa l ye

Se tèt ansanm pou nou mete pou n wete peyi nou nan salte

Men solisyon an fò yo gen visyon pou chak katye

Se pa bèt kap viv ladan’l, se moun l vle sa fwase n

M pa janm di pami sak rich yo pou yo klase n

Men nou vle viv tankou moun, nou pa bèt, sispann chase n

M ap viv nan yon zòn kote lespri moun still toumante

Sou kay malere, se etaj pwoblèm chak jou ki ogmante

Yo pa vizite n pou yo wè kisa nou manke

Men lè pou yo fè kanpay yo, yo use fòs nou pou yo monte

Pouki m toujou wont montre moun kote m abite

Fatra tounen gazon, moustik ap mode n, vye sant ap panike n

Yo fè komsi yo pa konnen ki sa n bezwen

Ebyen pran san w, tande music sa epi w ap tande sa n bezwen

——–

Nou bezwen love pou katye n

Djob pou katye n, ba n lopital, se sekirite m vle pou katye m

God pou flache n, lòd pou n mache

Ba n dlo potab, elektrisite nou vle pou katye n

Nou bezwen love pou katye n, djob pou katye n

Twòp salte, se netwayaj nou vle pou katye n

God pou flache n, lòd pou n mache

Twòp kay mal bati, se rekonstriksyon n vle pou katye n

——–

Map viv nan yon ti zòn ki nome Musseau

Ladan l chaje ak pwoblèm, nou pa janm jwenn moun pou stope risk yo

Rèv nou se wè nan chak katye yo mete on lopital

Ba nou bon dlo trete, li lè pou nou sispann bwè dlo ki sal

Pa gen kouran, se twòp fèn nwa ki koz plus vyolans fèt

Nou pa jwenn li souvan, yo fè n favè a, se plis moman fèt

Nou bezwen edikasyon pou lespri n devlope

Pa di nou egzije w, men non ! Se pou sa nou te vote w

Rèv nou, se wè nan chak ti zòn yo mete on ti plas

Se pa sèlman Champ-de-mars pou n al promne lè epòk Christmas

Timoun yo pa jwenn anyen ki funny pou distrè yo

Sa koz mind yo kwense, tout sa yo jwenn frèm se mizè

A letranje, wout yo tèlman swa, yo ka di yo glasiye

Man, zon pam nan, son dal dan ròch ki koz tenis paka dire

Nou bezwen bon konstriksyon anndan geto, twòp malè pandje

Pa sèlman pwoblèm manje pou n rezoud, fò n ka wè danje

——–

kote m ap viv la gen talan men nou pa jwenn moun pou ede n

Olye yo ta flache n, yo prefere bann kou pou jete n

Nan katye pa m nan, pa gen klas, pa gen ras

Tout moun ap survivre menm lè w fè klas pa gen bras

Kilè m ap sispann wè katye m pap viv nan soufrans

Genyen m konnen podyab ki konn fè jounen ki pa jwenn yon soup blanch

Lòt yo menm manje salami pou yo pa jwenn zo poubay chien

Ti enfimyè nou yo pa enkadre men se yo k pou ba n swen

Mikròb fin detwi nou chak jou, n subi nan koze sa

Lè m fè nouvèl m pa janm tande yon moun rich mouri nan kolera

Se fòt leta, kikoz se malere ki toujou anreta

Yo pa sansib pou nou, nan diskou yo, yo bann fo espwa

Pandan sachè dlo tounen po flè nan kwen katye n

Fil kouran pandje, koz danje, se pa rèv sa n vle

Rèv nou se wè n ap viv menm jan ak tout moun

Wete n nan salte, ba n tout sa n vle e toujou panse pou nou