Abijazz – Nou dwe jere l

Abijazz

Nou dwe jere l

————————————

Lank plim mwen ap jete dlo

Sou yon bout papye

Lespri mwen ap fè lago dèyè sak kache

Kisa map chache?

Gen kesyon k ap poze

Mwen menm mwen pwopoze

poun fè yon chita pale

Lè yon spèm kontre ak yon ovil

yo rele sa fekondasyon

Lè nou chache mwayen pou n detwi l

sa se yon diskriminasyon

Pasyon m ap bat nan menm rit ak respirasyon

sa vle di m egziste

——–

Tout moun gen dwa pou yo viv

Ou ka bwè men fò w pa iv

Sa se prensip ki ekri nan liv

Ke w dwe swiv si w vle byen viv

Se katye w li ye fò w pròpte l

Rèv mwen se poul toujou klere

Pou pa wont di kote w rete

Fò w pa wont pou pwòpte l

——–

Fò m di w katye w se yon kado

Fòk ou byen vlope l pou l pa blaze

Men katye ou pa fado

Fò w pa pè pote l, ou pa kokobe

Si katye w se yon bato

Fò w byen navige l poul pa koule

Si katye s on dlo cho

Fò w byen melanje l pou l pa boule